MarcDonald Marcellus
Community Tutor
Lanmò se mèt lavi a. Nan yon fason jeneral lè yon moun pral mouri li santi gen yon bagay biza kap pase ant vizib ak envizib la ki bay aspè yon bagay ki pa reyèl. Moun ki konsyan de reyalite sa konnen depi yo rive la se nan kalfou verite a yo ye, pa gen kase tèt tounen ni vire adwat ou agoch, se franchi dwat devan. Sila ki pa konsyan konn di se alisinasyon puiske yo pa pare pou konprann fenomèn nan. Pafwa yo konn wè gran paran yo ki mouri deja e yap plede site non yo. Lè sa se sòlda lanmò ki vin chachew pou mennenw ale. Se paran sa yo kap asistew nan inisyasyon nouvo mòd lavi lanmò rezève pou nou chak la. Pou moun ki pa prepare a li pa fasil pou aksepte, menm jan ou konn wè wap goumen ak sa nan dòmi pouw pa rete. Nan yon sans m ka di anpil nan nou viv eksperyans sa (lanmò) deja nan dòmi. Nan langaj moun andeyò, aprè moun nan fin mouri yo konn di: "entèl te wè lanmò a." Manmanm rakontem istwa yon dam ki te pral mouri lèl te timoun, ki kouri al sere anba yon tab tèlman li pè lèl wè lanmò vin chachel. Nan mitan kalfou verite a pa gen batay ankò sinon ke obsève sèn nan kòm espektatè. Kisam vle di? Wap gade kò a ki kouche, pafwa 2 boul jel byen kale tèlman ou te sezi lèw gade pami sòlda yo gen yonn ou plizyè moun ou te fè mal ki parèt devanw. La, se memwaw kap defile devanw... Wap kontinye obsève tout demach kap fèt pou kò fizik la paskew rete atache ak li jiskaske yo konduiw devan mèt ou kote se menm memwa sa kap sèvi kòm dokiman referansyèl pou chak etap nan jijman an. Santans la ap pwononse aprè revizyon memwa a, e se sa kap endike si wap evolye nan yon plan siperyè limine ou regrese nan yon plan enferyè tenebre. Saw te fè se li wap wè. Tout ti trik visye pou falsifye yon reyalite nan sans avantaj ou limite a vi pase a, yo pap fonksyone nan dimansyon egzistansyèl sa yo rele lanmò a.
May 31, 2021 5:44 PM